Comment réduire votre consommation data (MB) sur smartphone?

Frédéric
By -
0


Men kek bagay nou ka fe pou nou ekonomize lajan nou le  n ap itilize entenet





Preske   chak jou nou itilize entènèt pou nou ale sou rezo sosyal yo, pataje videyo, voye foto, voye Email, ect..  Men pafwa nou santi konpayi telefòn yo, manje kòb nou, se sa k fè nou ekri atik sa pou ede w, redwi sou kantite MB ou gen abitid itilize yo.

Pafwa nou panse se konpayi telefon nou ye k ap manje kob nou men se pa toujou sa.Konsèy sa yo nou pral pataje avè w yo ap ede w ekonomize lajan w chak mwa ou chak semèn depi w aplike yo. 


Kèk bagay ou dwe konnen

Telefòn ki nan men w lan boule MB anpil fason, gen anpil aplikasyon ki sou telefòn k ap boule MB san ou pa konnen, paske aplikasyon sa yo, menmsi ou wè yo fèmen, yo pa janm fèmen vre paske yo ouvè an aryè plan. Men kèk aplikasyon ki pa janm fèmen: Facebook, twiter, Google Maps, Meteo, e kèk aplikasyon GPS.
Men sa w ka fè k ap ede w ekonomize MB w:

1. Dezaktive aplikasyon ou pa itilize yo

Pou w ka dezaktive aplikasyon ou pa itilize yo, w ap ale nan >paramettre> Gestionnaire des aplications<  w ap chache aplikasyon ou pa itilize yo, w ap klike sou aplikasyon an, apre sa klike sou Desactive 



2.  Fèmen aplikasyon k ap fonksyone an aryè plan yo

Pou w fè sa sou yon Smartphone Android w ap ale nan > Paramettre>  >Utilisation des donnees>désactivez les données d'arrière-plan 



Sou yon Iphone  w ap ale nan " Réglages " ou ''paramettre '' puis " Réseau cellulaire " et pour chaque application ki itilize twòp MB, koupe koneksyon  entènèt la pou li. Oswa ou ka jis fè sa ou wè nan imaj la



3. Itilize WIFI 


Gen telefon ki fe mise a jour preske chak jou si se Plan MB ou fe yo ou itilize, depi gen yon mise a jou k ap fèt se MB w yo k ap boule konsa si kantite MB ou te genyen an fini se kòb ki sou kont ou an k ap fini,  pou sa ou ka aktive pou mise a jour yo fet selman le ou sou Wifi  pou sa  pou Android ale nan  ''  Google Play store'' epi  "Mise à jour automatique des applications"  w ap chwazi Wifi uniquement



Pou Iphone ou Ipad  ale nan ''Reglages'' gade imaj sa  




Mwen swete atik sa te ede w, tanpri pataje l ak lot moun ou panse l ap ede tou.  Nou apresye komante ou w yo.





Mwen swete atik sa te ede w, tanpri pataje l ak lot moun ou panse l ap ede tou.  Nou apresye komante ou w yo.







Tags:

Enregistrer un commentaire

0Commentaires

Ajouter un commentaire ici

Enregistrer un commentaire (0)