Des codes secrets de votre téléphone que vous ne connaissiez pas..

Frédéric
By -
0

Des codes secret que vous ne connaissiez pas, mais peut vous aider a manipuler votre Téléphone








Lè w achte yon telefòn entèlijan ( Smartphone), gen anpil menu ki kache, ''Parametres'', '' Setting'' oswa ''Reglages'', pa ba w aksè ladan yo.  Pou w antre nan menu kache sa yo, fòk ou konnen kòd sekrè k ap pèmèt ou antre ladan yo a. Se sa k fè nou vini ak yon lis kòd sekrè k ap itil ou, e ki mache sou anpil telefòn ki genyen jodi a.

NB: Kòd sa yo gen ladan yo ki pa mache sou tout modèl telefòn .

ATANSYON:  Gen nan kòd sa yo, si w mal itilize yo, ki ka retire tout bagay enpòtan ou genyen sou telefòn nan, e genyen ki ka menm kraze telefòn nan nèt. Ordinastuce pa responsab oken malè ki rive si ou pa konn kijan pou w itilize kòd sa yo.

Pou w ka wè  IMEI telefòn nan:  *#06#

.

 IMEI a se yon nimewo ki gen anviwon 15 chif, se li ki ka pèmèt ou jwenn tout enfòmasyon sou telefòn nan.kòd sa enpòtan anpil, paske si w ta vin pèdi telefòn nan, w ap ka jwenn kontak ki te sou li yo, e ou ka menm bloke telefòn nan avè l, se pou sa lè w achte yon telefòn ekri IMEI a yon kote.

     Si w vle teste ekran w pou wè si l bon ou ka fè:  *#*#2664#*#*Pa itilize kòd nenpot fason, paske gen kote ou ka antre k ap karze telefòn nan

Si w jwenn tout enfòmasyon sou telefòn nan fè: *#*#3646633#*#*




Si w vle gen enfòmasyon sou wifi, eta batri a, tanperati batri, e si w vle gen yon bon koneksyon entènèt  e plis toujou fè: *#*#4636#*#*






Si w vle efase tout bagay ki sou telefòn nan fè :  *2767*3855#  oswa ou fè *#*#7780#*#*. Si sa pa nesesè nou pa konseye l fè kòd sa yo paske w ap pèdi tout sa ou genyen sou li.

Si yon moun ap plede rele w sou apel enkoni ou ka fè :  *#30#   Kòd sa ap pèmèyt ou wè nimewo moun nan, li sitou pase sou Iphone. ou ka fè menm bagay la si w pa vle moun w ap rele a wè nimewo w , men lè sa apre  dènyè # la w ap mete nimewo w ap rele a.



Si w te prete yon moun telefòn ou pou l fè yon apèl, si w vle tande kisa moun nan t ap di ou ka fè: *#*#8351#*#*. Kòd sa ap pèmèt ou koute anviwon 50 konvèsasyon dènyè apèl ki te fèt sou telefòn nan 



Si w vle gen enfòmasyon sou Samsung ki nan men w lan fè: *#0011#  oswa *#9900#. Si m pa konn sa w ap fè pa klike sou anyen lè w antre nan menu kache sa.
Si w vle fèmen telefòn nan san w pa peze boton power a fè *#*#7594#*#*


Si w ta pèdi ou vle konn ki kote ou ye fè *#*#1472365#*#*  

kòd sa se pou w fè tes GPS, men pou li fonksyone byen fòk ou aktive Localisation sou telefòn ou an.

Moun ki li atik sa renmen li tou:


Si w renmen atik sa tanpri pataje l zanmi e ak fanmi w.


Rete konekte ak nou pou plis Astuce klike isi






Enregistrer un commentaire

0Commentaires

Ajouter un commentaire ici

Enregistrer un commentaire (0)