Yon maleware k ap kraze batri tablet ak telefòn

Frédéric
By -
0


Yo fenk dekouvri yon malware ki fenk parèt, k ap dechaje telefòn  oswa tablet ou rapid, rapid. Se espesyalis Sophos yo, ki dekouvri malware sa ki prezan sou plis pase 20 aplikasyon ki disponib sou Google play store. Malware ki pouvwa pou l dechaje batri aparèy la rapimand, e sa ki ka lakoz batri a fini pi rapid. Si w ta remake telefòn ou ap dechaje rapid, sa petèt se yon prèv ki montre malware sa gentan sou aparèy ou a. Men sa pou w fè, pou w retire l: telechaje yon anti-virus oswa pou w plis asire w li pa la ankò l ap pi bon si w refòmate (hard reset) aparèy la.

 NB: Play store gentan retire aplikasyon yo jwenn ki enfekte yo.

Men ou pa janm konnen si l pa disponib sou lòt ankò. Pran prekosyon.
Tags:

Enregistrer un commentaire

0Commentaires

Ajouter un commentaire ici

Enregistrer un commentaire (0)