25 mots de passe ou pa dwe itilize pou ane 2020 an

Frédéric
By -
3





25 mots de passe sa yo se yo, yo te plis itilize pou ane 2018 la, konsa li vin yon danje pou nou kontinye itilize yo.  Jodi a li vrèman enpòtan pou n pwoteje vi prive n lè nou sou internet, paske gen seri  moun yo rele hacker ki toujou ap chaje fay e yo toujou ap chache konnen ki mots de passe moun yo plis itilize lè y ap anrejistre sou site tankou facebook, twiter, LinkedIn ect...

Jodi a li se yon enperatif pou n byen chwazi mots de passe n ap mete  pou pwoteje n kont atak pirate enfòmatik yo, men sepandan toujou gen moun ki kontinye itilize mots de passe ki fasil pou moun jwenn. Se sa k fè enstans ki responsab  sekirite sou internet yo, soti yon rapò ki gen 25 mots de passe yo te plis  itilize pou ane ki sot pase a.

pa janm neklije pwoteje w sou internet, internet se pwolonjman lavi prive w 
Men lis la soti nan sa yo plis itilize a:
1. 123456
2.password
3. 123456789
4. 12345678
5. 21345
6. 111111
7. 1234567
8. Sunshine
9. Qwerty
10. Iloveyou
11. Princess
12. Admin
13. Welcome
14. 666666
15. abc123
16. Football
17. 123123
18. monkey
19. 654321
20. !@#$%^&*
21. Charly
22. donald
23. aa123456
24. querty123
25. password1

Kounya nou fin wè tout mots de passe yo te plis itilize yo.
kisa w te dwe fè si w remake mots de passe ou konn itilize a nan lis sa? Ou dwe chanje mots de passe sa pou plis sekirite.

Kijan ou ka mete yon bon mots de passe ki pap fasil pou moun konnen?


1. mots de passe ou dwe gen omwen 8 karaktè
2. Li  pa dwe non pa w, madanm ou, ou pitit ou, non yon moun ki koni tankou yon prezidan ou yon atis.
3.  Li pa dwe yon mo konplè, tankou: iloveyou.
4. Ou pa dwe itilize menm mots de passe la sou plizyè site.
4. Li dwe gen omwen yon lèt Majiskil, yon lèt minikil, hon nimewo e yon symbole  egzanp: Fn&&//5647

Kijan w panse èske mots de passe ou a nan lis sa? Tanpri si w konnen yon mots de passe yo itilize anpil men ki pa nan lis sa, ajoute l nan yon kòmantè.
Tags:

Enregistrer un commentaire

3Commentaires

Ajouter un commentaire ici

Enregistrer un commentaire